EUR 21,24
Cantidad disponible: Más de 20 disponibles
Añadir al carritoCondición: New.
Publicado por Paris-Nancy, Berger-Levrault, Libraire-éditeur, Paris-Nancy, 1916
Librería: Librairie de l'Avenue - Henri Veyrier, Saint-Ouen, FR, Francia
EUR 64,00
Cantidad disponible: 1 disponibles
Añadir al carritoCouverture rigide. Condición: Bon état. In-4 cartonnage éditeur, dos muet de percaline grisée, premier plat ornée d'une vignette contrecollée en couleurs, 27,5 cm sur 19. XX-155- dont 126 illustrations -8 pages de catalogue éditeur. Mors interne fendu, Bon état d'occasion.
Librería: CitiRetail, Stevenage, Reino Unido
EUR 24,93
Cantidad disponible: 1 disponibles
Añadir al carritoPaperback. Condición: new. Paperback. Ayiti nan miwa m se yon woman miltidimansyonel. Li gen plizye karakte ke chak lekte ka pote jijman oswa pwennvi diferan. Konsa tou, jwenn difikilte pou sitiye sou ki sa ki bon jan ap pase sitou nan koumansman resi a. Nan yon premye tan n ap rann kont ke li metafizik, kote pesonaj la ap chache konprann anviwonman imedya li, yon fason pou l tounen jwenn tet li pandan l ap transande de yon reyalite ak yon lot epi chanje deko atrave yon pasaj, yon pot mistik ki se miwa yo. Nan yon dezyem tan n ap kontre yon aspe kiltirel, ki montre prezans kek rityel vodou ki ap antre pesonaj la nan pi gwo tchouboum toujou, sou sa ki ap rive l e nan goumen pou jwenn yon repons pou tout kesyon ke l pa sispann poze tet li yo. Tankou" Kote m ye la frenk ? E dwe lopital. Antouka, si se lopital, li pa tankou sila yo kote paran m te toujou konn mennen m yo.Tet mwen ak kou m resi antann yo pou yo vire. Mwen ka we plizoumwen. Mwen sou yon kabann kat piket. Drapo wouj, ble, blan, nwa, ak lot koule mwen pa ka fin rive we byen yo pran tout pyes la pou yo"N ap jwenn tou yon aspe sosyal, ki montre pesonaj la nan tout fwotman li depi nan premye sen nan jouk nan denye a. Sou kelkeswa ang ke li twouve l se nan boukante lapawol ak obsevasyon tout zev la chita, se aspe sila ki pouse l jwenn ti kras limye nan tout peripesi yo. N ap jwenn tou pati istorik la, kote plizye zekle pase sou kek moniman, kek sen ki rakonte de gwo moman nan istwa peyi a, ki ta dwe gen plis je louvri sou yo. Tankou nan pati sila: "Epi gen yon wounouwounou sou eleksyon ki ap fet nan dives ti kwen nan lari a. M leve tet mwen, genyen de bandwol nan kafou a. Viv demokrasi ! Viv eleksyon 29 novanm 1987; " Election presidentielle du 29 novembre 1987, un grand pas vers la democratie ! " Tale! Sa bandwol sa yo di la a ? Ki sa je m ap banm la, tonne? Pou di m byen we sa m ap gade yo? 87? 1987? Ki sa m te bwe maten an ? Gen le m sou? Se sa k fe m pa t ka konprann lari a konsa. Koman 1987 la?Li gen aspe atistik tou, kote ote a nan deskripsyon li yo penn peyi a sou plizye fasad, gen sa k bay gou menm jan genyen k bay degou tou. Pati sila ap pemet lekte yo chita bab pou bab ak plizye reyalite kote yo ka santi ke y ap reviv oubyen viv yon seri moman. Nan sen sila pa egzanp: " Zwazo ap vole, ap sote fe lago, soti sou yon branch ale sou yon lot. Ti pipirit ap file melodi tankou mizisyen ki pa janm pran poz.Soley la cho, men li dous, li karese figi m tankou men manman m. Espas la chaje ak pyebwa, pami yo anpil pye kokoye ak palmis. Mwen ka santi vibrasyon tout, tankou mwen te konekte ak yo. Tankou mwen te youn nan yo. Gwo van ap soufle, pyebwa yo ap balanse de bo potre yon kadans anba tonel ak yon bon serenad. Yon gwo pousye kouvri tout figi m. Ta sanble se nan yon plaj mwen ye. Sab la cho anba pye m. Mwen pa konn we sab bel konsa. Genyen yon ale vini ki ap fet, mwen we yon bato. Li ap pwoche, blan kouwe koton. Bato a bel"Nan nivo pesonel, ote a ap chache yon satisfaksyon, yon trankilite malgre tout boulves ki ap talonnen l yo, li pa sispann fe santi swaf li pou l jwenn ke poze li bezwen an. Li rejwenn konfyans ak fos nan chak pense ke kontan ki simen sou sa l ap viv la. Nan zev la, ki se yon fiksyon, sa pa anpeche ote a souse nan plizye sen nan vi reyel li. Epi pwofite fe yon apel sansibilizasyon ak denye fraz nan resi a ki se: " Lala! Jano! Vini non! Ann fe ti reflechi sou peyi a ansanm." This item is printed on demand. Shipping may be from our UK warehouse or from our Australian or US warehouses, depending on stock availability.